SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
2 Samyèl 8:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. 1998 Haïtienne Li mete kèk ganizon sòlda pa l nan teritwa Edon an. Moun Edon yo soumèt devan li. Li fè yo peye l taks chak lè. Se konsa Senyè a te fè David genyen tout batay kote l pase. |
SENYÈ a te di li: “Gen de nasyon nan vant ou. De pèp va vin separe sòti nan vant ou. Yon pèp va pi pwisan ke lòt la. Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
Ke anpil pèp vin sèvi ou, e ke nasyon yo bese devan ou. Vin mèt sou frè ou yo, e lese fis a manman ou yo vin bese a ou menm. Modi va sila ki modi ou yo. Beni va sila ki beni ou yo.”
Mwen te toujou avèk ou nenpòt kote ou te ale, e Mwen te retire lènmi ou yo soti devan ou. Konsa, Mwen va fè de ou yon gwo non, tankou non a gwo moun ki sou latè yo.
David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a.
Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.
Paske li te vin rive ke lè David te Édom e Joab, chèf lame a te monte pou antere mò yo, li te frape touye tout gason nan Édom yo
Josaphat te fè bato a Tarsis yo vwayaje a Ophir pou lò, men yo pa t rive, paske bato yo te kraze kote Etsjon-Guéber.
Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.
Epi SENYÈ a te avèk li. Nenpòt kote li te ale, li te reyisi. Li te fè rebèl kont wa a Assyrie a e li pa t sèvi li.
Epi li te mete ganizon sòlda nan Edom, e tout Edomit yo te devni sèvitè David. Epi SENYÈ a te ede David nenpòt kote li te ale.