menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou.
2 Samyèl 7:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske Ou menm, O SENYÈ, Bondye a Israël la, te fè yon revelasyon a sèvitè Ou a e te di: ‘Mwen va bati yon kay pou ou’. Pou sa, sèvitè Ou a te jwenn kouraj pou fè priyè sila a, a Ou menm. 1998 Haïtienne Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, se ou menm ki te fè m konnen tou sa. Ou te di m, mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouray fè lapriyè sa a nan pye ou. |
menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou.
Epi li va ye, ke si ou koute tout sa ke M kòmande ou, mache nan vwa Mwen yo, fè sa ki dwat nan zye Mwen, e swiv règleman Mwen yo avèk kòmandman Mwen yo jan sèvitè Mwen David te fè a, alò, Mwen va avèk ou pou bati pou ou yon kay k ap dire, jis jan ke M te bati pou David la, e Mwen va bay Israël a ou menm.
Sakrifis avèk ofrann sereyal, Ou pa t dezire yo. Ou te ouvri zòrèy mwen. Ofrann brile avèk ofrann peche yo, Ou pa t mande yo.
Konsa, mwen te vle fè ou konnen, epi di: “Achte li devan sila ki chita yo ak devan ansyen pèp mwen yo. Si ou va peye ranson li, peye ranson li; men si ou p ap fè sa, fè m konnen; paske nanpwen pèsòn ke ou menm pou peye ranson li, e se mwen aprè ou.” Konsa li te di: “Mwen va peye ranson li.”
Men Mwen va fè leve pou kont Mwen yon prèt fidèl ki va fèt selon sa ki nan kè M ak nan nanm Mwen. Epi Mwen va bati pou li yon kay k ap dire e li va mache toujou devan onksyon Mwen.