Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 5:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

David ale Baal-Parezim. Li bat moun Filisti yo. Lèfini li di: — Senyè a pase tankou yon lavalas. Li louvri pasay ban mwen nan mitan lènmi mwen yo. Se poutèt sa yo rele kote sa a Pasay-Granmèt.

Gade chapit la



2 Samyèl 5:20
5 Referans Kwoze  

Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: “Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom.


Konsa, yo te rive monte Baal-Peratsim, e David te bat yo la. David te di: “Bondye te kraze lènmi mwen yo pa men mwen kon dlo k ap pete.” Pou sa, yo te rele plas sa a Baal-Peratsim.


O Bondye, Ou te rejte nou. Ou te kraze nou. Ou te fache. O restore nou ankò.


Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.


Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste an. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l. Selah.