Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 14:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Konsa, yo te rive monte Baal-Peratsim, e David te bat yo la. David te di: “Bondye te kraze lènmi mwen yo pa men mwen kon dlo k ap pete.” Pou sa, yo te rele plas sa a Baal-Peratsim.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 David moute Baal-Perazim, ki vle di Pasay-Granmèt la. Li kraze moun Filisti yo. Lè sa a, David di: — Bondye sèvi avè mwen tankou yon lavalas pou li louvri pasay nan mitan lènmi mwen yo. Se poutèt sa, yo rele kote a Pasay-Granmèt.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 14:11
11 Referans Kwoze  

Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.


Dlo a te retounen e te kouvri cha yo avèk kavalye yo, e menm tout lame Farawon ki te antre nan lanmè a dèyè yo. Pa t menm gen youn nan yo ki te rete.


Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”


Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a.


Tankou nan yon gran brèch, yo parèt; nan mitan tanpèt, yo woule m.


Konsa, David te vini Baal-Peratism e te bat yo la. Li te di: “SENYÈ a te antre sou lènmi mwen yo devan m tankou yon dlo k ap kase.” Pou sa, li te rele plas sa a Baal-Peratsim.


Beni se SENYÈ a, wòch mwen an, ki enstwi men m pou fè lagè, ak dwèt mwen pou batay.


Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.


David te mande Bondye, epi te di: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men m?” SENYÈ a te di li: “Monte, paske Mwen va livre yo nan men ou.”


Yo te abandone dye pa yo la. David te bay lòd pou yo te brile yo avèk dife.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite