Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa chen mouri sa a ta dwe modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.”
2 Samyèl 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Abner te byen fache akoz pawòl a Isch-Boscheth yo e te di: “Èske mwen se tèt yon chen ki pou Juda? Jodi a, mwen montre favè a lakay papa ou, a frè li yo, a zanmi li yo e mwen pa t livre ou nan men David. Epi malgre sa, jodi a, ou akize mwen kòm koupab nan afè fanm nan. 1998 Haïtienne Lè Abnè tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochèt konsa: — Eske se yon chen k'ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jòdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l yo, ni zanmi l yo. Mwen goumen rèd mare pou m pa kite yo tonbe nan men David. Lèfini, pou kounyeya w'ap fè m repwòch pou yon ti pachat mwen te fè ak fanm sa a! |
Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa chen mouri sa a ta dwe modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.”
Men Abner, fis a Ner a, te pran Isch-Boscheth, fis a Saül la e te mennen li antre Mahanaïm.
Alò konsa, annou fè l. Paske SENYÈ a te pale a David e te di: ‘Pa men a sèvitè Mwen an, David, Mwen va sove pèp Mwen an, Israël soti nan men a Filisten yo ak nan men a tout lènmi pa yo.’”
Ke Bondye fè sa a Abner, e menm plis toujou, si jan SENYÈ a te sèmante a David la, mwen pa akonpli sa pou li,
Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’”
Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade yon chen mouri tankou mwen?”
Epi Hazaël te di li: “Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta fè gwo bagay sa a?” Élisée te reponn: “SENYÈ a te montre mwen ke ou va wa sou Syrie.”
Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!
Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.
Epi Samuel te di li: “SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou.
Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo.