Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’
2 Samyèl 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te di: “Sa bon! Mwen va fè yon akò avèk ou, men mwen ap fè yon sèten demann a ou menm. Konsa, ou p ap menm wè figi m sof ke ou mennen premyèman Mical, fi a Saül la, lè ou vin wè mwen.” 1998 Haïtienne David reponn li: — Dakò. M'ap pase yon kontra avè ou. Men, m'ap mande yon sèl bagay. Piga ou vin wè m san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avè ou. Se sèl jan pou ou parèt devan m. |
Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’
“Malgre sa, ou te di a sèvitè ou yo: ‘Amwens ke pi jenn nan vin desann avèk nou, nou p ap wè figi m ankò.’
Men nou te di: ‘Nou pa kapab desann. Si pi jenn frè nou an avèk nou, nou va desann. Paske nou pa kapab wè figi a nonm nan ankò, sof ke pi jenn frè nou an avèk nou.’
Alò Abner te voye mesaje yo kote David nan plas li, e te di: “Pou kilès peyi a ye? Fè akò ou avèk mwen; epi pou sa, men m va avèk ou pou mennen tout Israël bò kote ou.”
Li te rive lè lach akò SENYÈ a te vini nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade deyò fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije e selebre. Konsa, li te meprize li nan kè l.