2 Samyèl 23:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!” 1998 Haïtienne Yon sèl anvi pran David, li di konsa: Ki moun ki va fè m bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan? |
Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a.
David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!”
O Bondye, Ou se Bondye mwen. Mwen va chache Ou ak tout kè m. Nanm mwen swaf pou Ou. Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen; lang yo sèch ak swaf la. Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo. Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.
Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf e vwa dlo sou tè ki sèch. Mwen va vide Lespri M sou ras ou e benediksyon sou desandan ou yo;
Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”
Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”
Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè!