2 Samyèl 22:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lafimen te monte sòti nan nen L. Dife soti nan bouch Li a te devore. Chabon te fèt pa li. 1998 Haïtienne Lafimen t'ap sòti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap sòti nan bouch li. |
Kanal lanmè yo te vin parèt. Fondasyon mond lan te dekouvri nèt, pa repwoch SENYÈ a, ak fòs vann a ki soti nan ne l.
Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.
Lafimen te sòti nan nen L. Dife a devoran te soti nan bouch Li. Chalè li te limen chabon.
Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.
Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.
Gade byen, non a SENYÈ a sòti yon kote byen lwen. Lakòlè Li plen chalè ak lafimen k ap monte byen pwès. Lèv Li plen ak gwo kòlè e lang Li tankou yon dife k ap brile tout bagay.
Paske plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.
Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon peyi ke ou pa konnen; paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen ki va brile sou ou.”
Pou sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo: “Akoz nou te pale pawòl sa a, gade byen, Mwen ap fè pawòl Mwen nan bouch ou vin dife, pèp sa a vin bwa a, e li va manje yo nèt.
Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.