Men nonm nan ki touche yo, dwe ame avèk fè ak shaf lans. Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife, nan plas kote yo ye a.
2 Samyèl 22:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Latè te tranble e souke. Fondasyon syèl la t ap tranble. Yo te sombre, akoz Li te fache. 1998 Haïtienne Lè sa a, latè pran tranble, li souke, Fondasyon syèl la pran souke, Yon sèl frison pran yo paske Bondye te ankòlè. |
Men nonm nan ki touche yo, dwe ame avèk fè ak shaf lans. Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife, nan plas kote yo ye a.
Konsa, latè a te tranble. Fondasyon a mòn yo te tranble. Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.
tè a te souke. Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye, prezans Bondye Sinaï lan. Mond la li menm tè a souke devan prezans Bondye a, Bondye Israël la.
Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an. Loray yo te klere tout tè a. Mond lan te tranble. Li te souke.
Chemen Ou an te nan lanmè a, e vwa Ou nan dlo pwisan yo. Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
Mòn yo tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann.
Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann.
Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li.
Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
“SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir, lè Ou te mache soti nan chan Édom an, tè a te tranble e syèl la te fonn, menm nwaj yo te degoute dlo.