SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.
2 Samyèl 22:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m. Selon ladwati mwen, Selon jan mwen pwòp devan zye Li. 1998 Haïtienne Se konsa li ban m sa m merite, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan. |
SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.
Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.
Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!
Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a.