2 Samyèl 22:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske tout òdonans Li yo te devan m. Règleman Li yo, mwen pa t janm kite. 1998 Haïtienne Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. |
Pou sa, mwen konsidere byen tout òdonans Ou yo selon tout bagay. Mwen rayi tout sa ki fo. PE
Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.
e pou li pa konsidere tèt li pi bon ke Izrayelit parèy li yo, e ke li pa detounen de kòmandman an, ni adwat, ni agoch, dekwa ke li menm avèk fis li yo kapab dire anpil tan nan wayòm li a nan mitan Israël.
“Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo.
Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a.