Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan kè nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Senyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo. L'ap toujou renmen nou jan li te sèmante bay zansèt nou yo.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 7:12
19 Referans Kwoze  

Li te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, nanpwen Bondye tankou Ou nan syèl la anwo, ni sou latè anba, k ap kenbe akò e montre lanmou dous a sèvitè Ou yo ki mache devan Ou avèk tout kè yo,


Mwen te di: “Mwen sipliye W, O SENYÈ syèl la, Bondye ki gran e mèvèye a, ki gade akò Li avèk lanmou dous Li pou sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Alò, pou sa, Bondye Nou an, Bondye gran, pwisan e mèvèy la, ki kenbe akò li avèk Lanmou dous, pa kite tout twoub sa yo vin bliye devan Ou, ki te vin rive sou nou, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo, papa zansèt nou yo, ak sou tout pèp Ou yo, depi nan jou wa Assyrie yo, jis rive jodi a.


pou sila ki kenbe akò Li yo, e sonje règleman Li yo pou fè yo.


pou egzekite sou yo jijman ki te ekri a. Sa se lonè de tout fidèl Li yo. Louwe SENYÈ a!


Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”


pou m ka etabli sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.”’” Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”.


Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di: “O SENYÈ, Gran Bondye ki etonnan la, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo,


Ou va bay verite a Jacob ak mizerikòd a Abraham, tankou Ou te sèmante a papa zansèt nou yo depi nan jou ansyen yo.


jan Li te pale a zansèt nou yo, a Abraham avèk jenerasyon Li yo jis pou tout tan”.


Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”


“Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou,


men ki montre lanmou dous a anpil milye, a sila ki renmen Mwen yo e ki kenbe kòmandman Mwen yo.


“Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.


“Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite