Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 22:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a, Men SENYÈ a te soutyen mwen.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè m te nan tray, yo pwofite atake m. Men, Senyè a te kenbe m.

Gade chapit la



2 Samyèl 22:19
12 Referans Kwoze  

Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò, Soti nan sila ki te rayi mwen yo. Paske yo te twò fò pou mwen.


Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.


Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.


Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.


Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.