Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.”
2 Samyèl 2:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Abner te rele Joab e te di: “Èske epe a va devore tout tan? Èske ou pa konprann ke alafen, sa ap vin anmè? Pou konbyen de tan ou va refize di pèp la sispann kouri dèyè frè yo?” 1998 Haïtienne Abnè rele Joab, li di l konsa: — Gen lè nou p'ap janm fini ak batay sa a? Ou pa wè sa ap fini mal pou nou tou de? Se frè nou ye. Sa w'ap tann pou ou bay moun ou yo lòd pou yo sispann kouri dèyè nou? |
Alò David te di a mesaje a: “Konsa ou va pale Joab, ‘Pa kite bagay sa a fè ou mal, paske nepe a devore youn menm jan ke yon lòt. Fè batay ou kont vil la vin pi rèd pou boulvèse li’. Se konsa pou ankouraje li.”
Abner te di a Joab: “Alò, kite jennonm yo leve fè yon kou batay devan nou la a.” Joab te reponn: “Kite yo leve.”
Chak te sezi advèsè li nan tèt e te fonse nepe li nan akote advèsè li a; konsa, yo te tonbe atè ansanm. Pou sa, yo te rele plas sa a Helkath-Hatsurim chanm a lam nepe yo ki nan Gabaon.
Fis Benjamin yo te rasanble ansanm dèyè Abner e te devni yon sèl ekip; epi yo te kanpe sou tèt a yon sèten ti mòn.
Joab te di: “Jan Bondye viv la, si ou pa t pale; byensi, pèp la t ap kite sa maten an e chak moun t ap sispann swiv frè yo.”
O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch? Jiskilè ou va renmen sa ki san valè e tante twonpe moun? Tan
men si nou refize, e fè rebèl, nou va devore pa nepe.” Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”
Sou tout do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt, paske yon nepe SENYÈ a ap devore soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la. Nanpwen lapè pou pèsòn.
“Anven Mwen te frape fis ou yo; men yo pa t aksepte okenn chatiman. Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.
Paske jou sa a se pou Senyè BONDYE dèzame yo, yon jou vanjans, pou L kapab fè vanjans Li sou lènmi Li yo. Nepe a va devore vin satisfè, Li va bwè kont li nan san yo; paske va genyen yon sakrifis pou Senyè BONDYE dèzame yo, nan peyi nò a, akote Larivyè Euphrate la.
“Se pou nou deklare an Égypte e pwoklame nan Migdol; pwoklame tou nan Noph e nan Tachpanès; Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe, paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’
Nepe va tonbe kont vil yo, pou kraze pòtay ak fè fòje yo, e li va fè tout plan yo disparèt.
“Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’