Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 2:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Joab te di: “Jan Bondye viv la, si ou pa t pale; byensi, pèp la t ap kite sa maten an e chak moun t ap sispann swiv frè yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Joab reponn li: — Mwen pran Bondye ki vivan an pou temwen. Si ou pat pale konsa se denmen maten moun pa m yo t'ap sispann kouri dèyè ou.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 2:27
11 Referans Kwoze  

Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo; konsa, kite kont la avan l kòmanse.


Abner te di a Joab: “Alò, kite jennonm yo leve fè yon kou batay devan nou la a.” Joab te reponn: “Kite yo leve.”


Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’ Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.


Pa fè vit lantre nan tribinal pou diskite ka ou; anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt.


Fè tout plan ak konsiltasyon; fè lagè ak konsèy saj.


Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.


Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m, Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,


Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal.


Alò, Abner te rele Joab e te di: “Èske epe a va devore tout tan? Èske ou pa konprann ke alafen, sa ap vin anmè? Pou konbyen de tan ou va refize di pèp la sispann kouri dèyè frè yo?”


Epi Joab te soufle twonpèt la. Konsa, tout pèp la te sispann e yo pa t kouri dèyè Israël ankò, ni yo pa t kontinye goumen ankò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite