Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 19:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Koulye a, wa a te avanse rive Guilgal, Kimham te kontinye avèk li. Epi tout pèp Juda a avèk la mwatye nan pèp Israël la te akonpanye wa a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Tout moun peyi Jida yo ak mwatye nan moun peyi Izrayèl yo janbe lòt bò larivyè Jouden an ansanm ak wa a. Wa a desann lavil Gilga. Chimkam te ale avè l.

Gade chapit la



2 Samyèl 19:40
6 Referans Kwoze  

Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.


Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?”


Souple, kite sèvitè ou retounen, pou m kab mouri nan pwòp vil pa m, toupre tonm a papa m avèk manman m. Malgre sa, men sèvitè ou, Kimham; kite li travèse avèk mèt mwen an, wa a e fè pou li sa ki bon nan zye ou.”


Tout pèp la t ap fè kont pami tout tribi Israël yo, e t ap di: “Wa a te delivre nou soti nan men a lènmi nou yo e te sove nou soti nan men a Filisten yo; men koulye a, li gen tan sove ale kite peyi a devan Absalom.


Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana nan pi wo a!”