Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Samyèl 19:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Epi vwala, tout mesye Israël yo te vin kote wa a e te di a wa a: “Poukisa frè nou yo, mesye Juda yo te vin vòlè ou? Yo te pati avè w, yo te mennen wa a avèk tout lakay li ak tout mesye David yo avèk li, vin janbe Jourdain an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo al jwenn wa a, yo di l konsa: — Monwa, poukisa frè nou yo, moun peyi Jida yo, te vin pran ou, yo fè ou janbe larivyè Jouden ansanm ak tout fanmi ou ak tout moun pa ou yo?

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 19:41
7 Referans Kwoze  

Epi Wa David te voye kote Tsadok ak Abiathar, prèt yo, e te di: “Pale avèk ansyen Juda yo e di: ‘Poukisa se nou ki dènye pou mennen fè wa a tounen lakay li a, depi pawòl a tout Israël la gen tan rive vè wa a, menm kote lakay li?


Nou menm se frè m; nou se zo a zo mwen e chè a chè mwen. Poukisa konsa nou ta dwe dènye pou mennen wa a fè l tounen?’


Konsa, moun yo te antre nan vil la nan jou sa a kòmsi an sekrè tankou yon pèp ki imilye e kouri kache pou kite batay la.


Alò, fis a Éphraïm yo te rasanble. Yo te travèse vè Tsaphon e te di a Jephethé: “Poukisa ou te travèse pou batay avèk fis Ammon yo san rele nou pou ale avèk ou? Nou va brile kay ou sou ou.”


Alò, mesye Éphraïm yo te di li: “Kisa nou te fè ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?” Epi yo te menase li byen rèd.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite