Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 19:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Se te lè li te vini Jérusalem pou rankontre wa a ke wa a te di li: “Poukisa ou pa t ale avè m, Méphiboscheth?”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè Mefibochèt rive lavil Jerizalèm pou l'al resevwa wa a, wa a di l: — Mefibochèt, poukisa ou pat pati ansanm avè m?

Gade chapit la



2 Samyèl 19:25
3 Referans Kwoze  

Absalom te di Huschaï: “Èske sa se fidelite ou pou zanmi ou? Poukisa ou pa t ale avèk zanmi ou an?”


Alò, Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.


Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?” Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”