2 Samyèl 17:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen va vini sou li pandan li fatige e bouke e fè l vin sezi pou tout moun ki avèk li yo kouri ale. Konsa, se sèl wa a mwen va frape touye, 1998 Haïtienne M'ap pwofite antan li tou bouke, tou dekouraje a, m'ap atake l, m'ap fè l pè. Lè sa a, tout moun ki avè l yo va kraze rak. Se wa a ase m'ap touye. |
Anplis, Achitophel te di a Absalom: “Souple, kite mwen chwazi douz-mil òm pou m kab leve kouri dèyè David aswè a menm.
Alò, wa Syrie a te kòmande trann-de kapitèn a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men sèlman avèk wa Israël la.”
Pa padone inikite yo, e pa kite peche yo efase devan Ou, paske yo te dekouraje ouvriye ki t ap bati yo.
“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.
Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’
Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: ‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’
ni nou pa kontwole ke li ta meyè pou nou si yon moun ta mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri.”
kijan li te rankontre nou nan chemen an e te atake pami nou tout sila ki rete dèyè yo lè nou te fatige e san fòs la. Li pa t krent Bondye.