2 Samyèl 15:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan jan sa a, Absalom te konn aji avèk tout Israël lè yo te pwoche wa a pou jijman. Konsa, Absalom te vòlè kè a mesye Israël yo. 1998 Haïtienne Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l. |
Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li; men ak konesans, moun dwat yo va delivre.
Mwen te wè tout sa k ap viv anba solèy la kouri bò kote dezyèm jennjan ki ranplase li an.
“Nan plas li a, yon nonm meprizab va vin leve, a sila tit a wa a pa t vin bay. Men li va vini nan yon tan trankil e li va sezi wayòm nan ak ti manèv koken flatè moun.
Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.
Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.