Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 11:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li; men ak konesans, moun dwat yo va delivre.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 11:9
26 Referans Kwoze  

Alò wa Israël la te rasanble pwofèt yo ansanm, anviwon kat-san mesye. Li te di yo: “Èske mwen dwe ale kont Ramoth-Galaad nan batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Yo te di: “Ale monte, paske SENYÈ a va bay li nan men a wa a.”


pou anpeche moun ki san Bondye yo vin reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.


Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo. Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,


Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch. Konsa, mwen ta kab sipòte l. Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen. Konsa, mwen ta kab kache de li.


Ladwati a moun dwat yo va delivre yo; men moun trèt yo va kenbe pa pwòp vorasite yo.


Moun dwat la va delivre soti nan twoub; men mechan an va pran plas li.


Yon nonm vyolan ap tante vwazen li pou l mennen li nan move chemen.


“Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.


“Men lè nou wè Abominasyon Dezolasyon an, sila ke Daniel te pale a, k ap kanpe kote li pa ta dwe ye,” (ke sila k ap li sa a konprann), “alò, kite sila ki nan Juda yo kouri ale nan mòn yo.


Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene disip yo pou yo ta swiv yo.


Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a.


Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite