Pou sa, David te di Ittaï: “Ale, janbe lòtbò.” Konsa Ittaï, Gatyen an te janbe avèk tout mesye pa li yo ak tout pitit ki te avèk li yo.
2 Samyèl 15:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Ittaï te reponn wa a. Li te di: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, nenpòt kote ke mèt mwen an, wa a, ye, kit pou mouri, kit pou viv, se la tou sèvitè ou a va ye.” 1998 Haïtienne Men Itayi reponn li: — Monwa, mwen sèmante devan Senyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou fè, m'a prale avè ou, menm si mwen gen pou m'mouri. |
Pou sa, David te di Ittaï: “Ale, janbe lòtbò.” Konsa Ittaï, Gatyen an te janbe avèk tout mesye pa li yo ak tout pitit ki te avèk li yo.
Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.” Men Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.
Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen Jéricho.” Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho.
Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jourdain an.” Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse.
Manman a gason an te di: “Jan SENYÈ a viv la, e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, li te leve e te swiv li.
Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.
Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”
Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm.
Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”
Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal.