Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”
2 Samyèl 15:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’” 1998 Haïtienne Menm lè a, li voye mesaje ansekrè nan tout branch fanmi Izrayèl la pou di yo: Lè n'a tande twonpèt yo sonnen, n'a konnen yo fè Absalon wa lavil Ebwon. |
Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”
Pou sa, li te pale a sèvitè yo pa li menm: “Gade, chan Joab la akote pa m nan ki gen sereyal lòj. Ale mete dife ladann”. Konsa sèvitè Absalom yo te mete dife nan chan an.
Malgre sa, Absalom, ke nou te onksyone sou nou an, te mouri nan batay la. Alò, pou sa, poukisa nou rete san pale nan afè mennen wa a fè l tounen an?”
Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”
Nan Hébron, li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.
Konsa Nathan te pale avèk Bath-Schéba, manman a Salomon. Li te di: “Èske ou pa t tande ke Adonija, fis a Haggith la te devni wa, e David, mèt nou an, pa konnen sa?
Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li la kòm wa sou Israël. Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’
Konsa, yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”
Pou sa, tout ansyen nan Israël yo te vin kote wa a Hébron e David te fè yon akò avèk yo Hébron devan SENYÈ a. Epi yo te onksyone David Wa sou Israël, selon pawòl SENYÈ a te pwononse pa Samuel la.
Alò sila yo se nonb nan divizyon ki te prepare pou fè lagè a, nonb ki te vin kote David Hébron pou vire wayòm Saul vè li menm, selon pawòl a SENYÈ a.
Tout sila yo, mesye lagè ki te konn ranje nan fòmasyon batay yo, te vini Hébron avèk yon sèl kè sensè pou fè David wa.