Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal.
2 Samyèl 13:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar. 1998 Haïtienne Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l bonjou. |
Laban avèk Bethuel te reponn: “Afè sa a sòti nan SENYÈ a. Alò nou pa kapab pale ou ni byen, ni mal.
Bondye te parèt a Laban, Arameyen an, nan yon rèv nan nwit lan. Li te di li: “Fè atansyon pou ou pa pale a Jacob ni byen, ni mal.”
Li nan pouvwa mwen pou m fè nou mal, men Bondye a papa ou a te pale avèk mwen yèswa. Li te di: ‘Pinga ou pale ni byen, ni mal a Jacob’.
Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti; e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li; men nan kè l, li fè depo desepsyon.
“Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.
Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans.
Men sila ki rayi frè li se nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap w ale, paske tenèb la fin fè l avèg.
Selon sa pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li.
Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
Nenpòt ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.