Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
2 Samyèl 13:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tamar te mete sann yo sou tèt li e te chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a. 1998 Haïtienne Li simen sann dife sou tèt li, li chira rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi l ale. |
Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.
Alò, Absalom, frè li a te di li: “Èske Amnon, frè ou a te avèk ou? Men koulye a, rete an silans, sè mwen, li se frè ou. Pa mete afè sa a sou kè.” Pou sa, Tamar te rete e te dezole lakay Absalom, frè li a.
Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim.
Lè yo te leve zye yo a distans, yo pa t rekonèt li; yo te leve vwa yo anlè e te kriye. Yo chak te chire rad yo, e yo te jete pousyè sou tèt yo vè syèl la.
Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt; paske SENYÈ a te rejte sila ke ou te fè konfyans yo e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”
Josué te chire rad li, e te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a, jis rive nan aswè, ni li menm avèk ansyen a Israël yo. Epi yo te mete pousyè sou tèt yo.
Konsa yon mesye a Benjamin te kouri sòti nan chan batay yo pou te parèt Silo nan menm jou a avèk rad li chire ak pousyè sou figi li.