Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.
2 Samyèl 1:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, David te di li: “Depi ki kote ou sòti?” Li te reponn: “Mwen te chape soti nan kan Israël la.” 1998 Haïtienne David mande li kote li soti. Nonm lan reponn li: — Mwen chape soti nan kan Izrayèl la. |
Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.
David te di li: “Se kijan bagay yo te sòti? Souple, fè m konnen.” Konsa, li te di: “Moun yo gen tan sove ale kite batay la, e anplis, anpil nan moun yo tonbe mouri. Epi Saül avèk Jonathan, fis li a te mouri tou.”
Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?” Li te reponn: “Sèvitè ou a pa t ale okenn kote non.”
David te mande li: “Pou kilès ou ye? Kibò ou sòti?” Li te di: “Mwen se yon jennonm ki sòti an Égypte, sèvitè a yon Amalekit. Mèt mwen te kite m dèyè lè m te tonbe malad twa jou pase.