epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
2 Kwonik 6:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo ak pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo selon bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, epi voye lapli sou tè ke Ou te bay a pèp Ou a kòm eritaj la. 1998 Haïtienne tanpri, kote ou ye nan syèl la, koute yo. Padonnen peche sèvitè ou yo ak peche moun pèp Izrayèl ou yo. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Senyè, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pèp ou a pou l rele l pa l la. |
epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.
Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli. Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.
Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zorèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”.
Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.
pou SENYÈ a, Bondye ou a, kapab pale nou de chemen ke nou ta dwe pran an, ak bagay ke nou ta dwe fè a.”
Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’
Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladann l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’.
Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon.
“Koulye a menm”, deklare SENYÈ a, “retounen kote Mwen ak tout kè nou; avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”
Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.” Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an, paske Li plen gras ak mizerikòd, lan nan kòlè, plen ak lanmou dous, e konn ralanti nan fè malè.
Konsa, se pou nou fè kè kontan, O fis a Sion yo! Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an; paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis, li te fè vide sou nou lapli, premyè ak denyè lapli lan tankou avan an.
Anpil nasyon va vin di: “Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, lakay Bondye Jacob la, pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo e pou nou ka mache sou pa Li yo.” Paske depi nan Sion, lalwa va sòti e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.
Mande pou lapli ki sòti nan SENYÈ a nan epòk prentan. Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo; epi se Li ki bay lapli lejè a tout pou jaden plant yo.
“Li ekri nan pwofèt yo: ‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.