2 Kwonik 6:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen te bati yon kay byen wo ak yon plas pou abitasyon pa W Jis pou tout tan.” 1998 Haïtienne Kounyeya, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan. |
Mwen te vrèman bati pou Ou yon kay byen wo, yon plas pou Ou ta abite jis pou tout tan.”
Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske ke tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.
Li te di mwen: ‘Fis ou a, Salomon, se li menm ki va bati kay Mwen an, ak tout lakou li yo; paske Mwen te chwazi Li pou devni yon fis pou Mwen e Mwen va yon papa pou li.
Sepandan, David te gen tan mennen fè monte lach Bondye a soti Kirjath-Jearim nan plas li te prepare pou li. Paske li te fè monte yon tant pou li Jérusalem.
Konsa, wa a te vire fas li pou te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble a te kanpe.
epi pou pote ajan avèk lò ke wa a avèk konseye li yo te ofri libreman a Bondye Israël la, ki gen plas abitasyon Li Jérusalem,
avèk tout ajan ak lò ke ou jwenn nan tout pwovens Babylone yo, ansanm avèk ofrann bòn volonte a pèp la ak prèt yo, ki te ofri avèk bòn volonte pou lakay Bondye pa yo a ki Jérusalem nan.
Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.