Wa David te dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo:
2 Kwonik 5:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a. 1998 Haïtienne Lè wa Salomon te fin fè travay bati Tanp Senyè a, li fè yo pote tout ajan, tout lò ansanm ak tout lòt bagay David, papa l, te ofri bay Senyè a. Li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan. |
Wa David te dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo:
Li te poze baz yo, senk sou kote dwat a kay la e senk sou kote goch a kay la. Li te poze lanmè an metal fonn nan sou kote dwat a kay la vè lès la, vè sid.
Konsa, tout travay ke Wa Salomon te fè lakay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te fè antre tout bagay ki te dedye pa papa li, David—ajan avèk lò ak zouti yo—li te mete yo nan trezò a lakay SENYÈ a.
Wa David te konsakre sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te rache pote soti nan men a tout nasyon yo: depi nan Edom, Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo ak Amalekit yo.
Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou.
epi etennwa yo, bòl yo, kiyè yo, ak plato sann an lò rafine yo, epi antre kay la, pòt enteryè li yo pou kote ki pi sen pase tout lòt yo a, ak pòt kay yo, sa vle di, kote gwo sanktyè a te ye a, tout te an lò.