Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la.
2 Kwonik 28:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan lè sa a, Wa Achaz te voye kote wa Asiryen yo pou jwenn soutyen. 1998 Haïtienne Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou, |
Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la.
SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.
Men koulye a, se kisa w ap fè nan wout pou rive Égypte la, lè w ale pou bwè dlo nan Rivyè Nil lan? Oswa se kisa w ap fè nan wout pou ale Assyrie a, pou bwè dlo nan flèv pa yo a?
Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou? Anplis, Égypte va fè ou wont, menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.
Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Asiryen yo akoz ou pa t satisfè. Wi, ou te jwe pwostitiye ak yo e ou te toujou pa satisfè a.
“Lè Éphraïm te wè maladi li a, e Juda, jan li te blese a; alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. Li te voye kote Wa Jareb. Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri maleng ou an.