Konsa, Amatsia te voye yo ale, sòlda ki te rive kote li soti Éphraïm yo, pou rive lakay yo. Akoz sa a, kòlè yo te brile kont Juda e yo te retounen lakay ak gwo kòlè.
Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: “Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo.
‘Konsa pale SENYÈ a, “Fòk ou pa monte goumen kont fanmi ou yo, fis Israël yo. Retounen tout moun nan nou lakay nou, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen fè wout yo selon pawòl SENYÈ a.
Amatsia te di a nonm Bondye a: “Men kisa n ap fè pou afè san talan ke m te bay a sòlda Israël yo?” Nonm Bondye a te di: “Senyè a gen bokou plis pou bay pase sa.”