David te di: “Fis mwen, Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri.
Wa a avèk Jehojada te bay li a sila ki te fè travay nan sèvis lakay SENYÈ a. Yo te anplwaye mason avèk chapant pou restore lakay SENYÈ a, ak ouvriye, fè, avèk bwonz pou repare lakay SENYÈ a.
Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo.
Alò, lè Sanballat, Tobija, Arab yo, Amonit ak Ashdodit yo te tande ke reparasyon miray Jérusalem yo te kontinye, e ke brèch yo te kòmanse fèmen yo te byen fache.