Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 24:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Senyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y'ap fè sèvis, lè y'ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan. Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Senyè a jan pou yo fè l la.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 24:14
13 Referans Kwoze  

Epi tas yo avèk etoufè yo, bòl yo avèk kiyè yo ak plato an lò pi pou resevwa sann yo; epi chanyè pou toulède pòt kay enteryè yo, lye pi sen pase tout kote a, ak chanyè pou pòt kay la, sa vle di, gran sanktyè a, te an lò.


Men kapitèn gad la te kite kèk moun pami pi malere yo pou sèvi kòm ouvriye nan chan rezen yo ak pou raboure tè a.


Kòmandan gad la, anplis, te pran tout plato pou resevwa sann yo, avèk basen yo, sila ki te an lò fen ak sila ki te an ajan fen yo.


epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a.


Salomon te voye kote Huram, wa Tyr la. Li te di: “Jan ou te aji avèk David la, papa m nan, Ou te voye ba li bwa sèd pou bati yon kay pou li ta rete ladann. Konsa, fè sa pou mwen.


Konsa, ouvriye yo te travay, epi èv reparasyon an te avanse nan men yo. Yo te restore lakay Bondye a selon plan li, e yo te ranfòse li.


Alò, lè Jehojada te rive a yon gwo laj byen mi, li te vin mouri. Li te gen san-trantan lè l te mouri.


Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a.


pou yo te di a Moïse: “Pèp la ap pote bokou plis ke ase pou èv konstriksyon ke SENYÈ a te kòmande nou fè a.”


Malgre ou ta foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud, tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite