Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Kwonik 20:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te mache nan chemen papa li, Asa, e li pa t kite li. Li te toujou fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Jozafa te swiv Asa, papa l, pye pou pye nan tou sa li te fè. Li te fè sa ki dwat devan Senyè a.

Gade chapit la



2 Kwonik 20:32
10 Referans Kwoze  

Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a.


Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo.


Alò, Josaphat te renye sou Juda. Li te gen laj a trann-senk ane lè l te devni wa a e li te renye Jérusalem pandan venn-senkan. Non manman l se te Azuba, fi a Schilchi a.


Sepandan, wo plas yo pa t retire. Pèp la potko dirije kè yo vè Bondye a zansèt yo a.


Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a, epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.


Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti. Li fè yon chemen ki pa bon.