Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.
2 Kwonik 11:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin. 1998 Haïtienne Soreya, Ajalon, Ebwon. Tou sa, se vil ak ranpa ki te nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen. |
Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.
Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”
Anplis, li te ranfòse fò yo, e li te mete kòmandan ladan yo avèk depo manje, lwil ak diven.
Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la.
Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)
Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!”
Alò, Josué avèk tout Israël avèk li te monte soti Églon a Hébron, epi yo te goumen kont li.
Konsa, Hébron te devni eritaj Caleb, fis a Jephunné, Kenyen nan, jis rive jou sa a, akoz li te swiv SENYÈ a nèt.
Alò, li te bay a Caleb, fis Jephunné a, yon pòsyon pami fis Juda yo, selon kòmand a SENYÈ a vè Josué. Li te kon rele Kirjath-Arba, apre papa Anak (ki anplis kon rele, Hébron).
Konsa, yo te mete akote Kédesh nan Galilée nan peyi ti kolin yo a Nephtali, Sichem nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Kirjath-Arba (sa vle di, Hébron) nan peyi ti kolin Juda a.