2 Kwonik 10:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?” 1998 Haïtienne Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l, lè li t'ap viv la, li mande yo: — Kisa pou m reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen? |
Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou. Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou. Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
Paske nou twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.”