Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 27:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pa abandone pwòp zanmi ou, ni zanmi a papa ou. Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou. Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 27:10
17 Referans Kwoze  

EpiMéphiboscheth, fis a Saül la te desann rankontre wa a. Li pa t okipe pye li, ni taye moustach li, ni lave rad li, depi wa a te pati a jis rive jou ke li te retounen lakay li anpè a.


Paske tout manm lakay papa m pa t plis ke moun mouri devan mèt mwen an, wa a. Malgre ou te mete sèvitè ou pami sila ki te manje sou pwòp tab pa ou. Ki dwa mwen gen pou m ta plenyen anplis a wa a?”


Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan.


Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”


Yon zanmi renmen tout tan; yon frè fèt pou move tan.


Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt; men gen yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.


Tout frè a malere yo a rayi li; konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.


Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?


Lè jounen an te rive Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul.


“Nou pa pou wè bèf a vwazen parèy nou, oswa mouton k ap pati, pou nou pa okipe yo. Anverite, nou va mennen yo retounen bay vwazen parèy nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite