Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.
Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou.
“Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.
“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”
Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye.
Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati.