“Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.
2 Korent 8:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou. 1998 Haïtienne Kounyeya, se pou n kontinye fin fè jès la nèt. Menm jan nou te mete tout kè nou lè nou t'ap pran desizyon fè l la, mete tout kè nou pou nou fini ak sa, dapre mwayen nou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Kounye a, se pou nou fini sa nou te kòmanse a. Se pou rezilta yo montre menm kalite devouman nou te genyen lè n te kòmanse a. Bay selon mwayen nou. |
“Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.
Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.
Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou.
Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo.
paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo.