Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Korent 7:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Donk, malgre m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se pa pou moun ki te fè sa ki mal la, ni pou moun yo te fè mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n te ka wè jan nou devwe pou mwen devan Bondye.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Konsa, mwen pa t ekri lèt la poutèt moun ki te fè ofans lan. Mwen pa t ekri nonplis poutèt moun ki te sibi ofans lan. Mwen te ekri pou nou menm nou te ka mezire devan Bondye ki valè sousi nou gen pou ou.

Gade chapit la



2 Korent 7:12
8 Referans Kwoze  

Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!


Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo.


Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.


Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou obeyisan nan tout bagay.


Paske malgre ke m te koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan.


(men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)