Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 7:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske malgre ke m te koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Menm si lèt mwen te ekri nou an te fè nou lapenn, mwen pa regrèt sa. Mwen te regrèt mwen te ekri l lè m te wè jan l te fè nou lapenn lè sa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Menmsi lèt mwen te voye anvan an te fè nou tris, mwen pa regrèt ditou mwen te voye l. Wi, mwen byen regrèt konnen lèt la te fè nou tris, men sa se te pou yon ti tan.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 7:8
15 Referans Kwoze  

Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive; alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.


Men akoz ke M te di nou bagay sa yo, gwo doulè antre nan kè nou.


Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.


Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a.


Donk, malgre m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm.


Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an.


Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.


Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm.


“Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite