Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”
2 Korent 5:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. 1998 Haïtienne Se poutèt sa, depi kounyeya, mwen pa konsidere pèsonn sou laparans, tankou lèzòm fè l la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l la, kounyeya mwen pa konnen l nan jan sa a ankò. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Konsa, nou sispann gade moun ak menm je lèzòm gade moun. Se vre, se kon sa nou te konnen Kris la nan tan pase. Men nou pa panse kon sa ankò. |
Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”
Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen.
“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.
Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
Li te di de papa l avèk manman l: “Mwen pa t wè li.” Li pa t rekonèt pwòp frè pa li, ni fis li yo pwiske yo te swiv pawòl Ou e te kenbe akò Ou.
Byenke mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa:
Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.
Poukisa ou voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an, e bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’