Men nenpòt lè Moïse te antre devan SENYÈ a pou pale avèk Li, li te retire vwal la pou jis lè li te sòti. Epi nenpòt lè li te vin sòti, li te pale avèk fis Israël yo sa ke Senyè a te kòmande yo.
2 Korent 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti. 1998 Haïtienne Men, tankou sa ekri nan liv la: Lè yon moun tounen vin jwenn Senyè a, vwal la sòti. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men chak fwa yon moun vire vin jwenn Senyè a, Senyè a fè vwal la tonbe, jan Bib la di sa te rive ak Moyiz la. |
Men nenpòt lè Moïse te antre devan SENYÈ a pou pale avèk Li, li te retire vwal la pou jis lè li te sòti. Epi nenpòt lè li te vin sòti, li te pale avèk fis Israël yo sa ke Senyè a te kòmande yo.
Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo.
Nan jou sa a, moun soud yo va tande pawòl a liv la e zye avèg yo va wè sa ki te kon fènwa ak tenèb.
“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
Konsa, yo menm tou si yo pa kontinye nan enkwayans yo, y ap grefe ladann ankò. Paske Bondye toujou kapab grefe yo ladann.
si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.
Lè nou nan gwo pwoblèm e tout bagay sa yo rive nou; nan dènye jou yo, nou va retounen a SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va koute vwa Li.