2 Korent 3:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la. 1998 Haïtienne Nou ka menm di pouvwa ki te parèt aklè nan tan lontan an pa anyen devan pouvwa k'ap parèt aklè kounyeya, sitèlman li depase l anpil. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Devan glwa nouvo ministè a, glwa ansyen ministè a vin pa reprezante anyen. |
Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.
‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou?
Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo.
Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa?
Paske, lè Li te resevwa laglwa ak lonè Bondye, Papa a, yon pawòl konsa te fèt a Li pa Laglwa Majeste a: “Sa se Fis byeneme Mwen an; avèk Li, Mwen byen kontan.”
Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.