Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Korent 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Travay ki t'ap fè yo kondannen moun lan te gen pouvwa, se vre! Nou pa bezwen mande ki kalite pouvwa ki dwe genyen nan travay k'ap fèt pou Bondye fè moun gras.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Men sa m vle di: Si ministè ki pote anpil kondanasyon poutèt peche a te gen glwa konsa, ministè k ap deklare moun jis devan Bondye a gen plis glwa toujou.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 3:9
23 Referans Kwoze  

Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri:


E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a.


Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”


Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.


Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.


Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo.


Nan jou Li yo, Juda va sove, e Israël va rete ansekirite. Men non pa sila yo va rele Li a: ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”


Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre. Li pa lwen, epi sali Mwen p ap fè reta. Mwen va bay sali nan Sion e glwa Mwen a Israël.


‘Modi se sila ki pa konfime pawòl a lwa sa yo avèk aksyon li’. Epi tout pèp la va di: ‘Amen.’”


kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite