Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa.
2 Korent 11:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te pran kòb soutyen lan nan men yo pou sèvi nou. 1998 Haïtienne Lè sa a, mwen te asepte lajan nan men lòt legliz yo. Se tankou si m te pran nan sa ki pou yo pou m te kapab ede nou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mwen te aksepte sipò lajan nan men lòt legliz pou m te ka sèvi w pi byen. |
Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa.
Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la.
Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi.