Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
2 Jan 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Veye nou menm pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan. 1998 Haïtienne Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Veye kò nou pou n pa pèdi rekonpans nou te travay pou li a. An n fè sèten nou resevwa tout salè nou. |
Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
“Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm.
Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo.
“Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm.
Epi an dènye, tankou youn pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Li te parèt a mwen menm tou.
Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li.
Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse.
Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans
Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.
“Mwen ap vini vit! Kenbe fèm a sa nou genyen an, jis pou pèsòn pa rache kouwòn nou an.