Josaphat te byen pè. Li te vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda.
1 Samyèl 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël yo te tande sa, yo te krent Filisten yo. 1998 Haïtienne Lè moun Filisti yo vin konnen pèp Izrayèl la te sanble lavil Mispa, senk chèf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pèp Izrayèl yo tande sa, yo te pè. |
Josaphat te byen pè. Li te vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda.
Pandan Farawon t ap pwoche, fis Israël yo te gade, e vwala, Ejipsyen yo t ap mache dèyè yo. Yo te vin pè anpil, epi fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a.
Lè mesye Israël yo te vin wè ke yo te kwense (paske moun yo te vini sou yo anpil); alò, pèp la te kache kò yo nan gwòt yo, nan raje a, nan falèz yo, nan chanm anba tè yo ak nan sitèn yo.