1 Samyèl 7:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa. Gade chapit la1998 Haïtienne6 Se konsa, yo tout rasanble lavil Mispa. Yo tire dlo jete atè pou Senyè. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: — Nou peche kont Senyè a! Samyèl te rete lavil Mispa. Se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la. Gade chapit la |