1 Samyèl 7:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te konn ale chak ane fè yon tou Béthel avèk Guilgal, ak Mitspa, e li te jije Israël tout kote sa yo. 1998 Haïtienne Chak lanne li te fè vizit nan tout peyi a, li pase lavil Betèl, lavil Gilgal ak lavil Mispa. Nan tout lavil yo, li te konn regle tout kont moun yo te gen yonn ak lòt. |
Alò, Jacob te vini Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo.
Tande bagay sa a, O prèt yo! Prete zòrèy ou O lakay Israël! Koute byen, O lakay wa a! Paske jijman an se pou ou, paske ou te yon pèlen nan Mitspa e yon Filè ouvri sou Thabor.
Men pa ale Béthel, ni pa vini Guilgal, ni travèse Beer-Schéba. Paske anverite, Guilgal va antre an kaptivite e gwo twoub va rive Béthel.
Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.
Epi SENYÈ a te di a Josué: “Jodi a, Mwen te woule fè sòti wont a Égypte la sou nou menm.” Konsa, jis jodi a, yo rele plas sa a Guilgal.
Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a.
Li te gen karant fis avèk trant pitit pitit ki te monte sou swasann-dis bourik. Li te jije Israël pandan uit ane.
“Pale, Nou menm ki monte bourik blan yo, nou menm ki chita sou tapi chè yo, ak nou menm ki vwayaje sou wout la.
Alò, Samuel te di: “Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.”